Eske Kont "Gmail" ak kont "Email" se menm bagay?
°•●Kont Gmail, (Kont Email oswa Adrès Email)? Gen yon Diferans? Lè w ap voye mesaj sou entènèt, ou bezwen yon adrès email. Men anpil moun toujou di "kont email" , ki pa twò kòrèk. Ann eseye esplike sa pi klè nan lang pa nou an.
Kisa yon adrès email ye?
Se yon adrès ou itilize pou voye ak resevwa mesaj sou entènèt, tankou:
● ernst@gmail.com
● ernst@yahoo.com
● ernst@outlook.com.
Li sanble ak yon nimewo telefòn, men pou mesaj elektwonik.
Kisa Gmail ye?
Se yon sèvis ki pèmèt ou kreye yon adrès email. Lè ou kreye yon kont Gmail, ou jwenn yon adrès ki fini pa @gmail.com.
Gmail gen anpil avantaj:
1)Estoke mesaj gratis
2)Òganize ak chèche mesaj fasil
3)Sèvi ak li sou telefòn, tablèt, oswa òdinatè
Eske gen lòt sèvis?
Wi! Gen lòt tankou:
1️⃣ Yahoo Mail
2️⃣ Outlook (Hotmail)
3️⃣ iCloud Mail
4️⃣ ProtonMail
5️⃣ Zoho Mail
Chak moun chwazi sa yo pi alèz avè l✍️ Atansyon: Pa konfonn mo yo!
Adrès email = sa moun itilize pou kontakte ou.
Kont Gmail = kont ou kreye sou Gmail
Sèvis email = platfòm ou chwazi (Gmail, Yahoo, hotmail) elatriye.
Tout kont Gmail bay yon adrès email, men tout adrès email pa soti nan Gmail.
Pa egzanp:
1️⃣ ernst@yahoo.com
2️⃣ ernst@protonmail.com.
🚀 Pou fini: Sispann di "kont email", li pa gen sans. Men nou kapab di pito:
1️⃣ Adrès email pou adrès ou bay moun (ernst@gmail.com).
2️⃣ "Kont Gmail, Yahoo, Outlook (Hotmail), iCloud, ProtonMail, Zoho Mail.
📮se diferan sèvis sa yo ou ka itilize kòm bwat mesajri sou entènèt."
🔒⛓️Kenbe modpas ou an sekirite epi itilize sèvis lan byen ak tout prinsip ki etabli yo✌️🤗🤝.